AYITI/MANIFESTASYON: SEKTÈ TRAVAYÈ A ANONSE 2 JOUNEN MACH PASIK 1 AK 2 ME K AP VINI AN.

_Sektè travayè a anonse jounen vandredi 30 avril la, nan yon konferans pou laprès, 2 jounen mach pasifik pou pwoteste kont ensekirite, kidnaping ak lavi chè avèk pou mande aplikasyon atik 134-2 konstitisyon 1987 la._

Sektè travayè a, atravè René Prévil Joseph kritike fason rejim PHTK a jere peyi a depi lè yo pran tèt peyi a.  » Depi lè rejim sa moute yo di popilasyon an pa gen dwa ak elektrisite, ensfrastriki ak sekirite. Kèlkswa krim ki fèt, rejim PHTK a di popilasyon an pa gen dwa ak lajistis », deklarasyon René Prévil Joseph nan mikwo laprès.

Sektè travayè a, yon lòt kote, lonje dwèt sou konstitisyon 1987 la rejim PHTK a vle chanje pou retire tout dwa travayè yo te genyen pou fè revandiksyon yo pase.

Parapò ak tout sa yo, kèk òganizasyon ouvriye pami yo CTH, sentral nasyonal ouvriye ayisyen ak batay ouvriye ap pran lari a 1 ak 2 me k ap vini an nan Pòtoprens.

« Nou fè apèl ak tout sektè sosyo pwofesyonèl pou yo kapab akonpanye ouvriye yo pou yo pran lari 1 ak 2 me k ap vini an », konkli René Prévil Joseph.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …