AYITI/KOURAN : YON PATI NAN DEPATMAN NÒ A PRAL KLERE AVÈK LIMYÈ.

Jounen vandredi 30 avril 2021 an prezidan Jovenel Moïse remèt 8 jeneratris bay otorite ki nan katye Sent filomèn nan komin kap Ayisyen. 8 motè sa pral bay tout vil okap la kouran 24/24.

Lokatè palè Nasyonal la, raple Popilasyon Sentelèn lan li te pwomèt yo lap ba yo kouran 24/ 24 jodi a li potel ba yo. Nap souliye, te deja gen yon izin ki te konn pwodwi anviwon 2.3 megawat kouran ki pat anfonksyon.

Yon lòt bò popilasyon bat bravo la kontman pou prezidan an lefèt ke li respekte pwomès li epi tou pwofite di premye mandatè peyi a mèsi paske yo prale genyen kouran 24/24.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …