LEMOND/ESPÒ:AYISYANO -JAPONÈZ LAN  ELIMINE NAN TOUNWA MADRID LA.*

_Ayisyano-Japonèz  Nahomie Osaka elimine nan dezyèm tou tounwa Madrid la anfas Tchèk la, Karolina Muchova_ .

Nahomie Osaka toujou poko ka ranpòte yon tit sou tè bati. Ayisyano-Japonèz la, Nahomie Osaka tonbe nan dezyèm tou tounwa Madrid anfas Karolina Muchova.

Nan yon match ki dire 1è 49 minit, Nahomie Osaka pèdi nan twa sèt 6-4, 3-6, 6-1 kont Karolina Muchova.

Nahomie Osaka, plis pase 6 fwa depi sa rive li ,li toujou difisil pou li mete jwez ki nan top 20 nan klasman an deyò. Fas ak Karolina Muchova sa pa diferan, tchèk la okipe ventyèm plas klasman mondyal la.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …