AYITI/ENSEKIRITE:ÒGANIZASYON  » NOS PETITS FRÈRES ET SŒURS » FÈMEN PÒT TOUT ENSTITISYON LI YO 

Doktè Jenny Édouard _Pierre Louis – Lys ak pitit gason li ki rele Noha sacha Pierre- Lys kidnape jounen samdi 1 me 2021 an nan Pòtoprens akoz sitiyasyon sa òganizasyon « nos petits frères et sœurs » _fèmen pòt tout enstitisyon li gen nan peyi a, daprè yon nòt yo fè soti_

Chak semèn ki pase dènye tan sa yo, li difisil pou pa gen yon ka kidnapin ki fèt nan peyi a. Nèg ak zam kidnape doktè Jenny Édouard Pierre-Lys ak pitit gason l Noha sacha Pierre-Lys, an siy pwotestasyon, òganizasyon « nos petits frères et sœurs » ki se kote doktè a ap travay anonse yo fèmen pòt tout enstitisyon yo gen nan peyi a.

Desizyon sila a, li pran pou mande liberasyon doktè a ak tout pitit li. Daprè nòt la, tout enstitisyon ki sou kontwòl òganizasyon an ap rete fèmen jiskaske viktim yo libere.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …