AYITI/ESPÒ: FIFA METE DEYÒ POU DIS (10) LANE SIPÈVIZÈ EKIP NASYONAL U-20 FANM LAN.

Komisyon etik federasyon entènasyonal foutbòl asosiyasyon (FIFA), anonse jounen lendi 3 Me 2021 yo mete deyò pou dis( 10) lane sipèvizè ekip nasyonal U-20 fanm lan Nella Joseph, pou li pa patisipe nan okenn aktivite foutbòl ( administif, espò elatriye).

Selon chanm komisyon etik FIFA, sipèvizè ekip nasyonal U-20 fanm lan Nella Joseph koupab akoz li pat pwoteje entegrite fizik ak mantal divès jwèz nan seleksyon an kite anba lòd li ak sou responsabilite li nan sant « Fifa Goal » nan Kwadèboukè, paske li te konn kontrenn yo ak menase pou ale fè bagay  » sexe » ak ansyen prezidan federasyon ayisyèn foutbòl la Yves Jean-Bart.

Pou fini, chanm komisyon etik FIFA mande pou Nella Joseph peye ven mil (20 000) francs Swis ki evalye ak ( 15.800) ewo.

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …