AYITI /POLITIK : PREZIDAN SENA DEKLARE ELEKSYON PAP POSIB NAN FEN ANE 2021 AN NAN PEYI AYITI.

Nan yon deklarasyon prezidan tirès sena a fè pandan week-end lan, li deklare eleksyon pa posib nan peyi a pandan fen ane 2021 an akoz ensekirite a ki pa sispann simen dèy nan mitan Popilasyon an. Kote zak kidnapin lan pa sispann vale tèren chak jou ki jou se moun kap kidnape yo pa epanye pèsòn, li kontinye pou li di ki jan yon moun ki poze kandida pral fè eleksyon nan zòn Izo, babekyou, 400 mawozo, tilapli.

Yon lòt kote, prezidan gran kò a kontinye pou li di otorite ki nan pi wo nivo nan leta a pa gen ase mwayen ak kapasite pou frennen machin ensekite a ki pèdi fren nan mitan Popilasyon an. Nan sans sa, nèg jakmèl la fè apèl ak entènasyonl la pou pote yon èd lojistik (zam) ak operasyonel pou arive deloje bandi nan tout rakwen peyi a.

Senatè sidès la pwofite pou li di eleksyon se yon pwosesis nòmal pou renouvle tout pèsonèl politik nan yon peyi demokratik. Men avèk volim ensekirite sa pa gen okenn lidè politik ki pral pran chans ale nan kanpay nan kèk zòn nan peyi a, anplis gen anviwon 38% moun ki poko gen kat ekektoral nan peyi a deklarasyon Joseph Lembert.

Prezidan gran kò a, nèg Jakmèl la di papa tounen, fè konnen referandòm pa posib paske li pa enspire konfyans yon pati nan Popilasyon an epi anpil aktè politik pa kwè nan pwosedi ki akouche referandòm administrasyon Jovenel Moïse lan a pwone a.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …