GOUVÈNMAN VLE FÈ TOUT SA KI POSIB POU GARANTI LIBÈTE LAPAWÒL AK VOLORIZE TRAVAY JOUNALIS EKILIBRE YO SELON PREMYE MINIS KI LA POU TI BOUT TAN

_Nan okazyon jounen 3 Mas la ki se jounen mondyal libète laprès, Claude Joseph, premye minis pwovizwa a fè konnen gouvènman li an ap fè tout sa ki posib pou yo garanti libète lapawòl ak valorize travay jounalis yo k ap bay enfòmasyon ki ekilibre yo, daprè yon nòt primati a fè soti jounen Lendi 3 Mas la._

« Nan okazyon jounen mondyal libète laprès, 3 Mas 2021, m vle souliye enpòtans medya yo ki kontribye nan batay k ap fèt pou kenbe demokrasi a vivan », daprè menm sous lan.

Chèf primati a, Claude Joseph, fè konnen medya yo se pilye nan bay ak fè enfòmasyon vini yon byen piblik.

« Gouvènman pwovizwa a vle fè tout sa ki posib pou garanti libète lapawòl ak valorize travay jounalis ekilibre yo », mansyone Claude Joseph.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:twitter

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …