LEMOND/DIVOS: BILL GATES AK MADANM LI MELINDA GATES ANONSE DIVÒS YO APRÈ 27 LANE MARYAJ.

Bill Gates ak madanm li Mélinda Gates anonse divòs yo aprè 27 lane maryaj, daprès sa yo anonse sou rezo sosyal yo.

Tout istwa gen yon fen. Se fen istwa damou ant Bill Gates ak madanm li Mélinda Gates aprè 27 lane maryaj yo chak deside fè wout pa yo.

« Aprè anpil refleksyon ak anpil travay ki fèt sou relasyon an, nou pran desizyon pou nou mete fen nan maryaj nou », daprè sa yo anonse ansanm sou kont twitè yo.

Bill Gates ak madanm li Mélinda Gates gen 3 pitit ansanm. Yo te marye premye Janvye 1994.

« Pandan 27 lane sa nou leve 3 timoun », daprè sa yo fè konnen. « Nou mete kanpe ansanm yon fondasyon ki la pou goumen kont povrete nan monn lan. Nou ap toujou rankontre nan kad travay nou », daprè sa yo di.

Nou ap raple ni Bill Gates, ni madam li Mélinda Gates tou de (2) ap travay nan Microsoft ki kote Bill Gates li menm li se youn nan fondatè antrepriz sila a.

 

Jackson junior Rinvil

KREDI FOTO: BBC

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …