LEMOND/DRAM : VENN TWA (23) MOUN MOURI AK 70 LÒT BLESE NAN EFONDREMAN YON PON NAN PEYI MEKSIK.

Yon gwo aksidan fèt nan lannwit lendi 3 Me 2021 an, nan peyi Meksik aprè efondreman yon pon metwo nan kapital peyi a selon enfòmasyon laprès nan peyi Meksik, aksidan sa fèt tou prè estasyon Olivos, sou liy 12 metwo a ki nan zòn Sid kapital la kise Meksiko.

Selon premye bilan yo responsab yo nan sèvis jesyon risk ak pwoteksyon sivil kapital Meksik la sou kont twitè li, fè konnen gen 23 moun ki mouri ak 70 lòt blese nan aksidan sa.

 » mwen wè ram pon an ki kase an de (2)  » deklarasyon youn nan temwen yo sou chèn televizyon Meksikèn  » Televisa ».  » nan mwens ke yon minit, yon gwo nyaj pousyè te bouye jem, lè pousyè a fin pase mwen eseye fè tout sak posib poum ede yo » toujou daprè esplikasyon temwen an.

Nou ap siyale, sa fè yon dezyèm gwo aksidan metwo ki fèt depi koumansman ane 2021 an, nan mwa Janvye, yon gwo dife ki te eklate te andomaje enstalasyon kontwòl yon rezo metwo kite touye yon moun ak 29 lòt blese.

 

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …