ANSYEN ANTRENÈ EKIP TOTTENHAM NAN SE LI  KI PRAL  ANTRENÈ AS ROMA NAN SEZON K AP VINI AN.*

Revoke semèn pase anwo nan pòs antrenè ekip Tottenham nan, teknisyen pòtigè a pa pran tan pou li jwenn yon lòt ekip. José Mourinho  nonmen antrenè ekip As Roma pou sezon kap vini an._

Revoke sa gen 2 semèn anviwon, José Mourinho gentan jwenn yon lòt klèb. « Spécial one » nan se pral pwochen antrenè ekip AS Roma a pou sezon k ap vini an pou 3 lane, daprè sa dirijan ekip AS Roma yo fè konnen nan yon kominike yo mete deyò jounen Madi 4 Me 2021 an.

« Aprè mwen  fin rankontre dirijan ekip AS Roma yo ak Tiago Pinto, m konprann rapid vit nan ki nivo anbisyon klèb la wo », deklare José Mourinho.

José Mourinho ranpòte « Ligue des champions » an pandan 2 fwa nan karyè antrenè li avèk ekip Porto (2004) a nan lane ak Inter Milan (2010).

N ap raple, José Mourinho te antrene nan chanpyona italyen an ekip Inter Milan an pandan 2 sezon (2008 pou rive 2010).

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …