Asosiyasyon enfimyè fanm saj Ayiti ki gen sig nan lang fransè ( AIFSH), òganize jounen mèkredi 5 Me a yon atelye fòmasyon ak enfimyè fanm saj ki sòti nan depatman Nip, Sid ak Grandans pou make jounen entènasyonal fanm saj yo.
Vis prezidant asosiyasyon enfimyè saj fanm yo Yves Carmel Fanfan, fè konnen misyon ( AIFSH) se pou travay pou pèmèt pwofesyon fanm saj la rive pilwen ak travay pou fè pwoteksyon fanm saj yo respekte menm jan ak lòt pwofesyonèl sante yo. Madanm Fanfan pouswiv poul di asosiyasyon selebre jounen entènasyonal fanm saj yo anba tèm : « Chif yo pale envesti nan saj fanm yo « . Pilwen enfimyè fanm saj la fè konnen senk (5) Me 2021 an, sete yon jounen fòmasyon pou fanm saj yo ki sòti nan depatman Nip, Sidès ak Grandans, nan lide pou ranfòse kapasite fanm saj yo si yo ta twouve yo nan yon akouchman ki konplike.
Pou fini, vis prezidant asosiyasyon fanm saj yo Yves Carmel Fanfan, fè konnen saj fanm gen de (2) nimewo ki disponib pou sitout fwa yon fanm ki ansent santi yon malèz kise 2814 -01-71 ak 8227.
Dieuva Occidor.