Nan yon konferans pou laprès òganizasyon sosyo politik viv Ayiti bay jounen Madi 5 Me a nan maten, yo mande pou popilasyon an, patiklyèman jenn yo pou leve kanpe kont pwojè referandòm ak eleksyon Jovenel Moïse vle fè nan tèt peyi a._
« Kesyon referandòm nan se blag nèg yo ap bay. Nonsèlman pa ka gen referandòm, men n ap itiize tout mwayen konstitisyon 1987 la ba nou pou bare lawout ak Jovenel Moïse. Pa gen okenn eleksyon ki kapab fèt la nan klima peyi a ye a », daprè Rony Timothé, youn nan lidè viv Ayiti.
Rony Timothé kwè pwojè konstitisyon an se yon fason Jovenel Moïse ap chache pou pwoteje tèt li aprè l fin kraze kès Leta a ak fè anpil masak nan peyi a.
Òganizasyon sosyo politik viv Ayiti, yon lòt bò denonse jan lajistis peyi Dayiti ap fonksyone a lè yo konsidere fason prizonye politik yo ap pase mizè nan prizon. »Viv Ayiti mande pou lajistis la leve eskanp figi l pou l pa kite Jovenel Moïse trennen l nan labou a ».
1 Me ki sot pase a, chèf Leta a te inogire baraj maryon kote li te tou pwofite fè konnen 80% ka kidnaping ki fèt yo se kidnaping politik. Parapò ak deklarasyon sa, òganizasyon politik viv Ayiti nan yon lide ki depaman ak lide Jovenel Moïse kwè 80% kidnaping ki fèt se ak plak ofisyèl ki soti anndan palè nasyonal yo fèt.
N ap raple, òganizasyon sosyo politik viv Ayiti anonse ap gen mobilizasyon 18 Me k ap vini la pou di non ak pwojè referandòm, eleksyon Jovenel Moïse vle fè nan tèt peyi a.
Jackson junior Rinvil