AYITI/ KIDNAPIN : KAZÈK WILKING DICETTE JWENN LIBERASYON LI .

Kazèk dezyèm seksyon komin Tigwav la, Wilking Dicette, jwenn liberasyon li nan lannwit jedi sis (6) Me 2021 an, aprè 11 jou li pase nan men Kidnapè yo.

Kazèk la bandi ak zam te kidnapel nan komin Delma, pandan li tap sòti fè zong li nan yon estidyo. Nan entèvansyon li fè maten vandredi 7 Me 2021 an, nan Laprès remèsye manm nan popilasyon an nan komin Delma ak Komin Tigwav ki te pote solidarite ak li pou te kapab edel jwenn liberasyon li, kazèk la ki mande otorite yo nan Leta pou sispann fè patipri nan rezoud ensekirite a ak kidnapin lan.

Pou fini, kazèk Wilking Dicette, ki presize se de (2) lajan li bay ak kidnapè yo poul te kapab jwen liberasyon li. N ap siyale, jounen jedi 6 me a vil Tigwav ak dezyèm seksyon Lamadlèn te bloke pou te egzije liberasyon kazèk Wilking Dicette.

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …