AYITI / REFERANDÒM : MANM KEP A SÒTI TÈT BESE NAN KOMIN PÒDEPÈ AK KOMIN JANRABÈL.

Manm konsèy elektoral pwovizwa (KEP) sòti nan tipòt , aprè yon delegasyon manm opozisyon an nan depatman Nòdwès enpeche yo reyalize yon rankont nan komin Janrabèl ak Pòdpè, pou pale sou referandòm lan 27 jen k ap vini la.

Seri rankont sa yo, manm konsèy elektoral pwovizwa yo ap reyalize yo nan lide pou kapab sansibilize popilasyon an pou patisipe nan referandòm lan.

Kèk manm opozisyon yo nan Nòdwès, ki te prezan nan rankont lan raple ak konseye elektoral yo atik 284.3 konstitisyon mil nèf san katreven sèt ( 1987) la ki di : » okenn vwa referandè pa kapab asepte ».

N ap raple, nan yon deklarasyon prezidan repiblik la Jovenel Moïse, fè jounen 6 me 2021 an nan moman enstalasyon komisyon nasyonal asistans legal (KNAL) li toujou gen menm volonte a pou chanje konstitisyon an.

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …