SPÒ/LIGA: BARCELONE- ATHLETICO MADRID YON MATCH DESIZIF NAN BATAY POU RANPÒTE LIGA A*

Batay pou konnen kiyès k ap ranpòte chanpyona espanyòl la ap kontinye demen samdi 8 Me 2021 an kote 35 kyèm jounen liga a ap mete bab pou bab ekip Barcelone nan anfas Athletico Madrid la._

Lidè chanpyona a, Athletico Madrid ap an deplasman pou li al jwe kay twazyèm nan, FC Barcelone nan yon match kapital pou rès chanpyona a.

Dènye fwa ekip sa yo te rankontre nan Chanpyona a, Athletico Madrid te bat lakay li FC Barcelone 1-0.

N ap raple, Athletico Madrid gen tèt klasman chanpyona a ak 76 pwen epi dèyè li gen Real Madrid ak FC Barcelone ki gen 74 pwen yo chak.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:opinion Maroc

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ballon d’Or 2025 : Entre prestige et illusion dorée.

Le 22 septembre prochain, le Théâtre du Châtelet à Paris accueillera la 69e cérémonie du …