AYITI/KIDNAPIN: ANTANT ANT GWOUP GANG VILAJ DEDYE, GANG GRAN RAVIN AK CNDDR POU KANPE SOU AKTIVITE KIDNAPING NAN.

_Daprè kotidyen le nouvelliste, CNDDR la jwenn yon antant ak gwoup gang vilaj Dedye, Gran ravin pou kanpe sou aktivite kidnaping nan an Ayiti._

Fenomèm kidnaping nan prèske touche tout kouch moun nan peyi a. Gen 2 gwoup gang, daprè anpil enfòmasyon, ki plis enplike nan aktivite sa a ki pa sispann mete plis laperèz ak dlo nan je nan popilasyon an. Aprè negosyasyon ak CNDDR la, gwoup gang gran ravin ak vilaj dedye chwazi fè yon kanpe sou aktivite kidnaping nan, daprè Jounal le nouvelliste.

Yo bay garanti, pou moman sa yo pap kidnape okenn moun.

Yon lòt kote, gen kèk moun nan mitan popilasyon an fas ak sityasyon sa ki ap poze tèt yo kesyon sou kisa antant ant CNDDR la ak 2 gwoup gang sa yo chita ? Pou konbyen tan antant sa la?

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …