LEMOND/JISTIS : LAKOU FEDERAL ETAZINI ENKILPE 4 POLISYE NAN LANMÒ GEORGES FLOYD LA .

Selon la lwa nan peyi Etazini, yon moun pakab rejije pou menm krim lan ( règ doub jeopardy), men yon moun kapab jije de( 2) fwa nan nivo Leta lokal ak federal. Se sa kap ret tann polisye ki enplike nan lanmò afwo-ameriken Georges Floyd yo .

Lakou federal peyi Etazini, enkilpe jounen vandredi 7 Me a, polisye blan Derek Chauvin ak twa (3) lòt frè zam li yo pou vyolasyon dwa konstitisyonèl Georges Floyd. Kriminèl la ak twa (3) lòt konplis nan lanmò Georges Floyd la sou wout pou pouswiv yo yon lòt fwa . Alòske 20 avril 2021 an, lajistis Minesota rekonèt polisye blan Derek Chauvin ak lòt koupab nan lanmò Georges Floyd, eta Minesota ap pwononse pèn li nan dat 25 jen k ap vini la. Poutan twa (3) lòt kòlèg li ap gen pou jije kòm konplisite mèt nan mwa Dawou 2021 an .

N ap raple, ansyen polisye blan Derek Chauvin, te arete ak anpil vyolans afwo-ameriken Georges Floyd 25 Me 2020 epi maltretel mete pye sou koul jiskaske li te rann dènye souf li .

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …