Match ouvèti 21è edisyon koup Dimond lan te deroule nan yon bel anbyans jodi jedi 14 jen 2018 lan nan estad loujniki (Moskou) an kigen yon kapasite 80.000 plas. Konkennchenn match sa te opoze Larisi ak Arabisawoudit.
Rankont sa te dewoule sou direksyon abit santral ajanten an Nestór Fabián pitana . Fomasyon ris lan kraze ekip arabisawoudit lan 5-0, avèk yon double pou Denis Dmitriyevitch Cheryshev, 1 gòl pou youri Gazinsky premye bitè mondyal risi 2018 lan nan 12è minit, 1 gòl pou Dzyuba sou premye balon li touche, ak 1 yon gòl pou Golovin.
De (2) jwè sòti sou ban make gòl nan match ouvèti koup dimond lan Artem Dyuba ak Denis Sheryshev e yo fini kom pibon jwè match sa.
Ridoré Steeve
ridoresteeve@Gmail.com
(+509) 3178-98-79