AYITI/BIDJÈ: DIREKSYON JENERAL BIDJÈ : YON ENSTITISYON KI LA POU PREPARE BIDJÈ LETA A.

_Nan okazyon 59 lane anivèsè direksyon Jeneral bidjè, Jean Michel Silin nan yon konferans pou laprès li bay jounen Lendi 19 Me 2021 an, prezante plis an pwofondè pou piblik la, makfrabrik enstitisyon ki rele  » direksyon jeneral bidjè a ».
_

« Direksyon Jeneral bidjè se yon sèvis teknikman dekonsantre ki anndan ministè finans », deklarasyon Jean Michel Silin. » « Dekonsantrasyon an vle di gen yon travay espesifik ministè finans konfye direksyon Jeneral Bidjè ki se prépare bidjè Leta a, fè swivi ak fè kontwòl egzekisyon an », kontrinye Jean Michel Silin.

Jean Michel Silin, yon lòt kote fè konnen se direksyon Jeneral bidjè ki responsab kesyon fè pewòl pou anplwaye Leta yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …