AYITI /REFERANDÒM: PLIZYÈ MILITAN OPOZISYON AN NAN KOMIN ANSAVO DENONSE RANKONT CHAT PENT MANM (CCI) YO FÈ NAN KOMIN ANSAVO .

Plizyè sitwayen manm opozisyon an nan komin ansavo denonse jounen madi 11 Me 2021 an yon rankont chat pent komite konsiltatif enpendan te vin reyalize nan komin Ansavo.

Selon pwotestatè yo, manm komite konsiltatif endepandan (CCI) deside reyalize rankont sa nan Otèl « Franco Ville « , ak kèk dizèn fanm nan komin sa .Yon konpòtman manm popilasyon an ki fè pati opozisyon komin Ansavo denonse  » monchè mwen te met rad sou mwen maten an poum al lekòl, lèm rive devan lekòl la mwen tande kèk moun ki ap plenyen lèm mande sak pase yo di konsa se yon rankont pou referandòm lan ki vin fèt Ansavo ak moun komin lan. Lèm rive la yo pa vle kite antre, m kòmanse poze kesyon pou konnen èske se fanm yo sèlman ki nan pèp la ? », deklarasyon youn nan manm pwotestatè yo.

Nou ap siyale, pandan dewoulman rankont sa okenn travayè Laprès tankou jounalis foto, jounalis repotè son pat gen aksè pou te antre nan espas la. Li bon nou raple, menm rankont sa te fèt Vamdredi 7 Me 2021 an, an chat pent nan komin Miragwàn kise chèf lye depatman Nip.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …