AYITI/KRIM : PEGUY SIMÉON, YON JENN GASON LAPOLIS MASPINEN JISKASKE LI  AL MOURI SOU KABANN LOPITAL.

_Peguy Siméon jwenn lanmò li jounen Madi 11 Me 2021 an sou kabann lopital aprè kèk ajan Lapolis te fin fè li pase yon move moman nan lendi 10 Me nan Wanament.

_ Nan yon videyo ki tap sikile sou rezo sosyal yo, gen yon sitwayen ki rele Peguy Siméon, moun Pò Mago tout moun ka wè ki te sou do yon bis fòs lòd yo voye li atè epi aprè sa, yo ba l anpil kout baton.

Daprè enfòmasyon yo, yo fèk depòte Peguy Siméon Sendomeng. Li pa te gen mwayen pou li te pran bis pou li ale Sen rafayèl, li te vle moute gratis bis ki te ap pote fidèl legliz katolik yo nan Wanament.

 

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …