AYITI IMIGRASYON: YON BON NOUVÈL POU ETIDYAN AYISYEN YO NAN PEYI VWAZEN.

Nan yon entèvwou jounalis Echojounal yo reyalize ak yon etidyan kap etidye syans enfòmatik nan peyi Sendomeng jounen madi 10 me 2021 an bat bravo lakontantman pou leta ayisyen ki jwenn yon akò ak leta dominiken pou bay tout etidyan viza pou sikile lib e libè nan peyi Sendomeng.

Resòtisan Ayisyen an fè konnen, se yon kalvè yo tap moute pado nan peyi Sendomeng pou yo te etidye paske yo pat ka jwenn papye pou sikile nan peyi a, etidyan an esplike pou li di, viza sa yo pral genyen an pral ede yo jwenn plis motivasyon pou yo etidye paske yo te toujou ap etidye ak kè kase pou move tretman yo konn jwenn nan men dominiken yo.

Yon lòt kote, etidyan an tou pwofite pou li di fòmasyon lap pran an lap retounen vin sèvi peyi li avèk li se nan sans sa lap mande pou leta pote asistans yo bay tout etidyan kap etidye nan peyi sendomeng.

 

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …