AYITI/JISTIS: INOGIRASYON BIWO MEDYASYON AK VILGARIZAZYON JIRIDIK NAN KOMIN DÈLMA

_Ofis pwoteksyon sitwayen inogire jounen Jedi 14 me 2021 an nan komin Dèlma, biwo medyasyon ak vilgarizasyon jiridik nan lide pou gen plis pwomosyon ki fèt pou respè ak dwa moun nan komin nan._

Mèt Jean Baptiste ki se te reprezantan majistra Wilson Jeudy nan okazyon seremoni sila a, fè konnen meri Dèlma kontan pou li asosye li ak yon bèl inisyativ konsa ki vize pwomosyon ak respè dwa moun

Majistra komin Dèlma, Wilson Jeudy, daprè Renan Hédonville te aksepte san grate tèt pou ofis pwoteksyon sitwayen te enstale yon biwo medyasyon ak vilgarizasyon jiridik nan komin nan.
 » Nou vle adrese nou ak majistra komin nan, mesye Wilson Jeudy ki pa janm sispann travay, ki pa janm sispann ap chache bagay nèf pou fè komin Dèlma yon modèl pou lòt komin imite », mèt Hédonville.

Chèf koperasyon peyi Lafrans an Ayiti, Pascal Hajaali nan entèvansyon li fè nan okzasyon an remèsye meri Dèlma pou angajman li, volonte li ak sivis li. » Pou peyi Lafrans, respè ak pwomosyon dwa moun se makfrabrik diplomasi fransèz. Lafrans te toujou manifeste enterè pou respè ak pwomosyon dwa moun nan tout dimansyon posib kit se kiltirèl, ekonomik, sosyal ak sanitè », deklarasyon chèf koperasyon peyi Lafrans an Ayiti, Pascal Hajaali.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …