AYITI/ SANTE : MINISTÈ SANTE PIBLIK AK POPILASON FÈ KONNEN GEN 2 NOUVO VARYAN KI DETEKTE AN AYITI

_Ministè sante piblik ak popilasyon ( MSPP) fè konnen, nan yon nòt pou laprès gen 2 nouvo varyan COVID-19 ki detekte nan peyi a. Youn Se varyan brezilyen epi yon lòt varyen anglè ._

Maladi koronaviris la toujou la. Li vini sou yon lòt fòm, sa vle di, yon lòt varyan. Daprè ministè sante piblik ak popilasyon yo detekte 2 nouvo varyan COVID-19 la an Ayiti ki se varyan brezilyen an ak varyan anglè a.

« Laboratwa nasyonal sante piblik ki nan MSPP ap kontinye mennen envestigasyon pou li kapab analize ki konsekans varyan sa yo ka genyen lè nou konnen kijan varyan sa yo ka simaye byen vit nan peyi a », selon  nòt la.

Nan sans sa, MSPP mande pou popilasyon an toujou mete yon ansanm mezi an aplikasyon tankou : toujou mete kachnen oswa mas depi w pral rankontre lòt moun ; toujou lave men nou; toujou pran tanperati moun yo avan yo antre nan espas piblik yo; tout moun dwe rete a yon distans 1.50 mèt youn lòt sitou lè gen reyinyon nan enstitisyon yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …