AYITI-FOUTBÒL: JEAN JACQUES PIERRE SIYEN YON KONTRA POU 2 LANE AVÈK FEDERASYON AYISYEN FOUTBÒL LA.

_Jean Jacques Pierre siyen yon kontra pou 2 lane avèk federasyon ayisyen foutbòl la, daprè prezidan komite nòmalizasyon an Jacques Letang nan kad yon konferans pou laprès li te bay jounen Jedi 14 me 2021 an nan sant FIFA gòl la ki chita kòl nan komin Kwadèboukè._

Ansyen entènasyonal ayisyen an, Jean Jacques Pierre siyen yon kontra 2 lane avèk federasyon ayisyen foutbòl la pou antrene seleksyon nasyonal la.

Jean Jacques Pierre gen 40 lane, li te ranplase Marc collat nan pòs antrenè seleksyon nasyonal la 11 Mas 2021 ki sot pase a.

Youn nan pi gwo misyon Jean Jacques Pierre, ansyen jwè Cavaly a genyen avèk seleksyon an se pral pase faz eliminatwa koup dimonn 2022 a.

 

Jackson junior Rinvil

Kredi foto: Footkole

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …