AYITI /REFERANDÒM : KONSÈY EKEKTORAL PWOVIZWA A ( KEP) DI LI RESEVWA YON KAGEZON MATERYÈL KI PA SANSIB

Nan yon twit konsèy elektoral Pwovizwa (KEP) a fè jounen vandredi 14 me 2021 an, li fè konnen, li resevwa plizyè materyèl ki pa sansib nan lide pou yo reyalize referandòm lan ak òganize eleksyon nan peyi a pou ka rive konble vid enstitisyonèl yo.

Plizyè òganizasyon sosyo politik nan depatman lwès la tankou Mouvman Jèn Kretyen yo pou Avansman Ayiti ( MOJCAH), KOZPEP- AYITI, MODEL, Mouvement Intellectuel pour une nouvelle Haïti pou nou site sa yo sèlman leve vwa yo ansanm pou yo di wi ak referandòm lan paske peyi bezwen yon lòt konstitisyon ki asepte tout moun ladan li kote tout moun ap gen menm dwa.

Ansanm òganizasyon sa yo tou pwofite lanse yon mesaj bay tout lòt jèn ki nan peyi a pou yo pran menm wout avèk yo pou yo ale vote wi pou referandòm lan epi pou yo pran chimen sant vòt yo nan pwochèn eleksyon ki gen pou fèt la pou ale vote moun ki nan menm sans ak yo.

Ronald Exavier

Kredi foto:twitter

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …