ESPÒ/SERI A: NAN YON MATCH TAK O TAK JUVENTUS RIVE BAT INTER MILAN.

_Juventus Turin kale ekip Inter a (3-2) nan kad 37tyèm jounen chanpyona italyen foutbòl la. Viktwa sa pèmèt Juventus espere li ka fini pami 4 premye ekip yo, nan batay li ap mennen pou li al jwe Ligue des champions sezon ki ap vini an._

Juventus Turin te nan obligasyon pou li te fè viktwa fas ak ekip Inter Milan an si li te vle toujou batay pou li jwenn plas pou li al jwe « Ligue des champions » an. Nan sans sa, poulen Andréa Pirlo yo mete devwa yo opwòp nan dèbi Italyen an.

Cristiano fè premye gòl match la sou penalite kote li rate li nan yon premye tan epi li vin jwenn rebon an li fè gòl la. Gras ak Romelu Lukaku sou penalite Inter, chanpyon an jwenn egalizasyon li ak yon gòl nan chak kan. Nan fen premye mitan an, entènasyonal Kolobyen an, Juan Cuadrado mete Juventus devan (2-1) nan match la ak yon frap byen lwen li fè ki te kontre.

Juventus Turin fini match la ak 10 jwè aprè Rodrigo Bentancur te fin pran katon wouj.

Nan dezyèm mitan an, Inter Milan egalize 2-2 aprè Chiellini fin make kont kan li. Juventus pral fè viktwa a nan fen match nèt aprè yon penalite Juan Cuadrado te fin transfòme, sa ki lakoz li make 2 gòl nan match la e tou an menm tan pèmèt Juventus rete nan batay pou espere jwe « Ligue des champions » sezon ki ap vini an.

Gras ak viktwa sa, Juventus Turin pran katriyèm plas klasman an pwovizwaman annatandan match Naples anfas ekip Fiorentina a.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …