AYITI\ POLITIK : OPOZISYON AN ANONSE MANIFESTASYON POU BLOKE REFERANDÒM POUVWA ANPLAS LA.

Nan yon konferans pou laprès samdi 17 me 2021 an, plizyè branch nan opozisyon politik la nan peyi Ayiti, anonse yon jounen mobilizasyon kont pouvwa anplas madi dizuit (18) me 2021 an, manifestasyon sa ap fèt nan objektif pou kapab denonse ak bloke pwojè referandòm lan ki prevwa òganize venn sèt ( 27) jen ki ap vini la .

 » se pa akseptab pou UNOS, ki se yon ògàn nan Nasyon Zini dakò pou rantre nan konplo ak Jovenel Moïse, pou reyalize yon referandòm ilegal, popilasyon an pa dakò » deklarasyon ansyen senatè Youri Latòti, ki presize jounen dizuit (18) me a ap gen plizyè manifestasyon ki ap fèt nan tout peyi a pou denonse referandòm- Dèmalòg la Jovenel Moïse la .

 » nou pral manifeste kont referandòm lan a pati dizuit (18) me ki ap vini la se ap tou demaraj seri manifestasyon yo ki pap kanpe kont referandòm lan, pa gen oken mwayen pou negosye ak Jovenel Moïse ki kraze tout enstitisyon yo nan peyi a epi manda li fini depi sèt (7) fevriye a daprè atik 134-2 konstitisyon an » toujou deklarasyon kòdonatè AAA Youri Latòti.

Pou fini, ansyen senatè Youri Latòti, denonse pouvwa ki pran lajan ki te nan bidjè pou polis la, pou lite kont zak ensekirite a, pito peye gwoup gang ki fè pati « G9 fanmi ak alye  » ki se pwòch pouvwa nan lide pou jwenn yon trèv ak zak kidnapin lan.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …