AYITI / DRAM : YON BATO KOULE NAN LANMÈ KARYÈS POU RIVE LAGONAV DIS (10) MOUN DISPARÈT .

Yon bato ki rele  » Etwal Briyan » ki tap sòti sou waf Karyès pou rantre sou zile Lagonav nan aprè midi samdi 15 me 2021 an, koule nan lanmè Karyès pou rive Lagonav dis (10) disparèt.

Selon enfòmasyon yo, bato Zetwal briyan te kite waf Karyès la ak disèt (17) moun pou rantre sou zile Lagonav, sèt (7) nan moun sa yo rive sove, pami moun sove yo yon timoun men, pou kounye a gen dis (10) lòt pasaje kite nan bato a disparèt.

Fòk nou di, responsab gad kot yo deja mete sou lanmè a plizyè moun ki konn naje pou chache bato Zetwal briyan ak tout rès moun kite ladanl yo .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …