LEMOND/ DRAM : YON FOTO SÈLFI LAKOZ SÈT (7) MOUN MOURI NWAYE NAN PEYI ENDONEZI .

Yon bato touris chavire jounen samdi 15 me 2021 an, nan zile Java, ki lakoz sèt moun mouri nwaye. Aksidan sa rive akoz plizyè nan pasaje yo ki te sou bato a te fè yon sèl bò sa ki te rann yon bò a vin pi lou epi chavire li nan mitan zile a daprè esplikasyon responsab polis yo nan peyi Endonezi bay jounen dimanch lan.

Chèf polis zile Java, Ahmad Lutfi, esplike bato a kite gen pou piti 20 pasaje ladanl plizyè ladan yo te deside rejwenn an gwoup pou fè yon foto sèlfi sou bò dwat batiman an.  » vrèman koz chavire bato a se paske li te vin gen twòp chay yon sèl bò, sa byen regrèt nou Lapolis rive sove onz (11) ladan yo, sèt (7) nan pasaje yo mouri nwaye ak de (2) lòt ki disparèt jiska prezan nou poko jwenn yo « , deklarasyon Ahmad Lutfi nan mikwo jounalis peyi Endonezi.

Chèf polis la Ahmad Lutfi, ki fè konnen Lapolis pral ouvri yon ankèt sou dram lan pou konnen èske pat gen neglijans bò kote moun kite responsab pou òganize pwomennen an sou zile Java.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …