AYITI/KONKOU:ASOSIYASYON AYISYÈN JOUNALIS POU DEVLOPMAN  KAP DIRE LONTAN LANSE PREMYE EDISYON KONKOU NASYONAL REPÒTAJ SOU EKONOMI AK FINANS NAN PEYI AYITI.

Asosiyasyon Ayisyèn Jounalis Ekonomi pou Devlopman kap dire lontan  (AHJEDD) lanse premye edisyon konkou nasyonal repòtaj sou ekonomi ak finans nan peyi Ayiti nan jounen 14 me 2021 an.

Konkou sa ki gen pou objektif ogmante kouvèti mediatik ak vilgarize enfòmasyon sou kesyon ak sijè ekonomi epi finans nan peyi an.se yon konkou ki ouvè ak ni fanm ak gason nan peyi an kèlkeswa laj men li dwe nan yon medya nan peyi an.

Yon moun ki vle Patisipe nan konkou an ap monte sou sit web asosiyasyon an ki se :www.ahjedd.org pou ranpli fòmilè enskripsyon an ki kòmanse jounen 14 me an epi kap pran fen 28 me 2021 an .

Konkou sa pran 3 kategori :laprès ekri (anliy ak lòt ),radyo epi odyovisyèl.
Jounalis kap patisipe yo ka fè repòtaj lan an fransè oubyen kreyòl men ap gen yon loreya kap soti nan laprès anliy ,nan radyo ak nan odyovisyèl lan.

Konkou Asosiyasyon Ayisyèn Jounalis Ekonomi Pou Devlopman kap dire  lontan prevwa bay chak loreya yo yon twofe nominatif ,orijinal ,yon odinatè pòtab ,yon biyè avyon pou yo fè yon vwayaj lokal,yon atestasyon patisipasyon ak lòt ankò.

Angeline Michel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …