LEMOND/KRIM : YON MANMAN 37 LANE  TOUYE 2 PITIT FI LI

Nan lannuit samdi 15 pou rive dimanch 16 Me 2021 an, yon manman touye ak zam blanch 2 pitit fi li lè li fini li touye tèt li nan depatman Essonne nan peyi Lafrans._

Yon manman ki gen 30 lane touye 2 pitit fi li ki gen 8 lane ak 7 mwa sou tèt yo ak zam blanch anvan li touye tèt pa li menm jan an, sa vle di ak zam blanch nan lannuit samdi pou rive dimanch nan yon lokalite ki rele Saint-Germain- lès arpajon ( Essonne) nan peyi Lafrans daprè sa yon sous polisye fè Jounal _le Parisien_ konnen.

Daprè enfòmasyon yo, vè 1h 05 yon pwòch rele sapè ponpye yo pou fè konnen gen youn nan zanmi l yo ki rele l ki di l li pral touye tèt li. Ajan sekou yo jwenn kadav manman an ak 2 pitit yo sou plas.

Selon premye eleman ankèt yo, manman an touye 2 pitit fi l yo aprè sa li touye tèt li menm jan an. Gen yon lòt ankèt ki ouvè ki konfye ak « sûreté » depatman Essonne daprè Jounal _le Parisien_.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …