LEMOND /ZEN : ANONS DIVÒS BILL GATES TA VINI AKOZ LI TA GEN RELASYON AK YON ANPLWAYE LI.

Ansyen patwon  » Microsoft » la ak tout madanm Medlina ki te anonse divòs koup sa 3 me 2021 an , aprè 27 lane maryaj.

Depa definitif Bill Gates gwoup Microsoft, nan mwa mas 2020, ta gen kòkòday amoure ak yon anplwaye nan amtrepriz la depi lane 2000 yo ki parèt san sans daprè Medlina, daprè enfòmasyon jounal  » Wall Street » pibliye dimanch 16 me a .

Yon seri enfòmasyon youn nan pòt pawòl Bill Gates yo voye jete, selon pòt pawòl la, Bill Gates pat gen okenn relasyon amoure ak yon anplwaye ki pou ta fèl kite pòs administratè nan gwoup  » Microsoft » men pito yon desizyon ki vini pou Bill Gates, te kapab al envesti nan fondasyon li menm ak madanm li ki rele  » Bill and Medlina Gates Foundation ».

N ap siyale, enjenyè fanm sa fè konnen nan yon lèt li te gen relasyon amourèz ak patwon  » Microsoft » la depi plizyè lane, yo oblije mete fen nan relasyon sa avan yo mete fen nan ankèt la selon esplikasyon jounal « Wall Street ».

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …