AYITI /SOSYETE: POPILASYON AN DEKOUVRI NON JÈN GASON KI TE SOVE TWA (3) MOUN  NAN  BATO ZETWAL BRIYAN KI TE KOULE NAN LANMÈ KARYÈS LA.

Joseph Casimir, se non jèn gason sa  ki rive sove twa (3) moun  nan bato zetwal briyan ki tap sòti Karyès pou  ale nan zile Lagonav nan aprè midi samdi kenz (15) me a .

Jèn gason an sa nan yon entèvyou li bay ak medya anliy  » JF KÒD », deklare li se te youn nan pasaje ki te sou bato zetwal briyan ki tap antre sou zile Lagonav nan aprè midi samdi pase a, Joseph Casimir, esplike    lè bato a koule a li te nan senkè trant senk (5è: 35) yo, kapitèn lan ki te youn nan moun ki te pi konn dlo a deside ale san ke li pat sove pèsonn nan moun yo.

 » Te gen yon ti bebe ladan li mwen fè tout sak posib poum sove bebe a konsa gen yon gwo madanm ki pase pranl nan menm li dim konsa li pap mouri pou kòl, mwen oblije pranl tou poum ka sove ak bebe a. Konsa mwen vin wè yon demwazèl ki te sou yon galon ki dim pa ale kite li sa vin koz mwen gen twa moun nan menm plis tèt mwen ». Pilwen Joseph Casimir kontinye pou li di, se gras ak yon woud li te itilize kòm kòd pou li te ka sòti ak twa moun yo nan lanmè a, pandan li fè konnen li pase tout nwit lan ak moun yo avan yo te resi vin jwenn li ayè dimanch lan nan lè dizè (10 è) nan maten .

Joseph Casimir, jèn gason sa ki vin parèt kòm yon gwo Ewo redaksyon Echo Jounal,  wete chapo li pou li salye zèv patriyòt la ki se yon ayisyen komsekans paske se nan  » men anpil chay pa lou » fòs nou chita .

Dieuva Occidor

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …