LEMOND / AFWONTMAN : PEYI ETAZINI TE VANN ZAM AK IZRAYÈL POU GOUMEN AK GAZA.

Adminitrasyon Biden lan, te vann peyi Izrayèl zam pou sèt san trant senk (735) milyon dola ameriken pou te konbat Gaza, daprè sa kongrè ameriken an releye ak jounal  » Reteurs ».

Selon menm sous la, akò sa te fèt senk (5) me 2021 an, kèk jou avan deklanchman zak vyolans yo. Depi dis (10) me a, pou piti desan venn de (222) moun mouri, pi fò ladan yo se palestinyen. Konsèy sekirite Nasyon Zini, dwe reyini jounen madi a prese prese sou zak vyolans yo sou « Bande Gaza ».

N ap fè konnen, nan yon dyalòg nan telefòn ant prezidan Joe Biden ak premye minis Izrayèl la Benjamin Nethayahoo, mandel pou fè yon kanpe sou zak vyolans yo. Pandan prezidan Joe Biden, presize fòk gouvènman fè tout sak posib pou pwoteje sivil inosan yo.

Dieuva Occidor

Kredi foto:Reuteurs

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …