Toto ki antre nan yon famasi, li di: Mwen vin achte yon medikaman pou zanmi’m Ti Joel ki gen movèz alèn!
Famasyen an bay Toto yon boutèy siwo, epi’l di’l konsa: Di zanmi’w lan pou’l pran yon kiyè siwo chak maten!!!
Toto di mèsi, epi li peye siwo a.
Pandan Toto rive nan pòt la pou’l soti, famasyen an di Toto konsa:
Se nan menm kay wap viv ak zanmi’w lan?
Toto di: Wi, poukisa?
Famasyen an di: Ebyen tou fèl baw kèk kiyè nan siwo a tou le maten!!!