LEMONN/JISTIS: YON DEPITE DOMINIKEN ANBA KÒD NAN PEYI ETAZINI POU TRAFIK DWÒG.

_Miguel Andrés Gutiérrez Diaz se non yon depite dominiken Lapolis nan peyi Etazini fouke pou trafik kokayin Lendi 17 me 2021 ki sot pase a._

Lajistis ameriken, patiklyèman nan eta Florid, kòm chèf akizasyon yo genyen kont lejislatè dominiken an, fè konnen depite Miguel Andrés Gutiérrez Diaz gen sosis li ki mare ak yon rezo entènasyonal trafik dwòg ki tabli alafwa nan peyi Kolonbi, Etazini ak Sendomeng ki t ap opere nan lane 2014 pou bout nan lane 2017.

Lajistis prevwa tande eli dominiken an vandredi 21 me 2021. Annatandan, daprè asistan pwokirè a, yo mete l nan kadavi nan sousi pou li pa kite peyi a. Li se yon menas pou sosyete a daprè Miami Herald.

Miguel Andrés Gutiérrez Diaz eli nan Santiago sou menm banyè pati ki sou pouvwa a ki gen ladann Luis Abidaner a, prezidan dominiken an.

 

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …