AYITI /SANTE : GOUVÈNMAN AYISYEN AN ASEPTE VAKSEN « ASTRASZENECA », DAPRÈ JOUNAL « MIAMI HERALD ».

Nan yon atik pibliye sou jounal ameriken  » Miami Herald », gouvènman ayisyen an asepte vaksen kont maladi kowonaviris la « Astrazeneca », daprè sa direktè adjwen (OMS) branch amerik la Dr Jarbas Barbosa konfime.

 » nou resevwa konfimasyon minis sante peyi Ayiti a, kel pral reswa san trant (130 000) mil dòz vaksen ki disponib pou peyi a ». Pilwen, direktè adjwen branch amerik òganizasyon mondyal sante a (OMS) doktè Jarbas Barbosa, ki deklare aprè li fin resevwa lèt konfimasyon an biwol la pral antame negosiyasyon yo ak pwodiktè vaksen an  » pou kapab pèmèt yo disponib pou peyi a nan yon ti tan tou kout « .

Nou ap siyale, nan dènye bilten ministè sante piblik ak popilasyon ( MSPP ) te pibliye kenz (15) me pase a fè konnen gen desan swasant sèz (276) moun mouri ak trèz mil senk san ktreven dizuit (13 598) ka ki konfime nan peyi Ayiti.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …