AYITI/REFERANDÒM: PALMAN EWOPEYEN AN BAY DIZON LI SOU PWOJÈ REFERANDÒM JOVENEL MOÏSE LA.

_Palman Ewopeyen, nan yon seyans travay ki fèt jounen Jedi 20 mas la, pa antre nan lojik sipòte referandòm Jovenel Moïse la._

Palman Ewopeyen an pa apwouve pwosesis referandòm konstitisyonèl prezidan repiblik la, Jovenel Moïse.

Nan kad seyans travay sa, palman Ewopeyen an rive adpote yon rezolisyon kote yo mande pouvwa an plas la pou li fè yon kanpe sou pwojè referandòm konstitisyon 1987 amande a.

Nou ap raple, nan dat 26 avril 2021 an gen yon korespondas 68 manm nan kongrè a te voye bay sekretè Leta ameriken an pou yo te mande pou Etazini pa sipòte referandòm Jovenel Moïse la.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …