SEMANAH ONORE JOSH CASIMIR, JENN GASON KI TE SOVE 3 MOUN NAN NOFRAJ BATO LAGONAV LA.

SEMANAH onore jounen vandredi 21 me 2021 an Josh Casimir, jenn gason ki te sove lavi 3 moun pami yo yon timoun 3 lane lè bato nan lagonav la te fè nofraj semèn pase a ._

Sèvis maritin ak navigasyon Dayiti ( SEMANAH) onore Josh Casimir, jenn gason 20 lane ki li menm pou kont li, pandan nofraj la, te sanse sove 3 moun. « Li te gen yon moun chak bò kote l e youn nan moun sa yo te gen yon timoun sou do li », daprè direktè semana a.

Direktè semana a Éric Prévost  rapòte yon twit ansyen senatè Roody Herivaux fè kote li te ekri : » Josh se ewo; se egzanp lanmou, solidarite, viv ak ansanm. Josh se yon mesaje lespwa, inite nan yon peyi divize. Josh se reyon solèy ki pote chalè kole zepòl ».

Direktè semana a pwofite okazyon an pou li esplike ak laprès pwoblèm enstitisyon an ap dijire a ap fè fas. Pami difikilte sa yo, gen pwoblèm flach ki poze. Bato semana yo pa te gen flach pou te klere lè yo tal pote moun yo sekou a, daprè direktè semana a Éric Prévost Junior

Direktè a fè konnen reprezantan SEMANAH nan prizon epi kapitèn bato an gen manda dèyè li.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …