» B ECONOMIE TV »YON CHÈN TELEVIZYON AN LIY KI PLIS SANTRE NAN ZAFÈ EKONOMI.

Nan yon konferans pou laprès jounalis Céléstin Bencia prezante  jounen vandredi 21 me 2021 an « B Economie TV  » yon nouvo  chèn televizyon an liy ki plis chita sou emisyon ekonomi  .

« Nan televizyon an nou priyorize tout sa ki gen ak wè ak ekonomi. Nou fè chwa, sitou se paske pa gen anpil ekonomis nan laprès kap pale sou koze ekonomi », daprè responsab kominikasyon B Economie TV an ,Céléstin Bencia.

Televizyon B Economie pap sèlman la pou ekonomi men ap gen  emisyon kiltirèl ladann tou nan sousi pou divèti popilasyon an.

Annatandan, selon Céléstin Bencia li vin yon chèn televizyon nimerik, si yon moun bezwen vizite B Economie TV li kapab ale sou facebook  ak you tube .

Televisyon sa ap gen Emisyon kap prezante an kreyòl ni nan lang fransè an tou.

Jackson Junior

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …