AYITI / DÈY : YON MANM POUVWA JIDISYÈ A MOURI NAN DEPATMAN NÒDWÈS.

Jij tribinal lapè komin Pòdpè a, Eddy Grevé, mouri vandredi venteyen (21) me 2021 an nan lopital pwent Palmis, daprè asosiyasyon nasyonal grefye ayisyen yo mete deyò.

Selon enfòmasyon yo jij pou lapè komin Pòdpè a, Eddy Grevé, ta mouri ak maladi kowonaviris la paske li te prezante sentom otorite nan la sante di kise sentom pandemi kowonaviris la .

N ap fè remake, otorite nan ministè sante piblik ak popilasyon ( MSPP), fè konnen yo anrejistre pou piti kat san senkant sèt (457) moun ki gen maladi kowonaviris la, epi mande ak moun k ap viv nan peyi Ayiti pou respekte menm konsiy yo lave men souvan, kenbe distans yon mèt senkant (1 m 50), depiw kote ki gen moun mete kachnen w ou byen mas .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …