AYITI/KOVID 19: YON ANSYEN DEPITE TESTE POZITIF NAN KOVID-19 LA.

_Ansyen depite Jean Robert Bossé teste pozitif nan maladi Kovid-19 la. Se konsenè a menm, nan yon long mesaj ki anonse nouvèl la jounen samdi a._

Ansyen depite komin Aken an, Jean Robert Bossé anonse li pran maladi Kovid-19 la nan yon mesaj li te rann piblik samdi 22 a. » M gen kowona viris jounen samdi 22 a menm. Mwen te santi kèk sentòm depi 18 me tankou fyèv, tous ak tèt fè mal. Mwen santi mwen byen pou moman sa yo. Mwen rete lakay mwen an konfineman », daprè sa ansyen depite a ekri.

Ansyen palmantè a, yon lòt kote mande pou popilasyon an fè anpil pridans. Lopital yo pa ka pran moun ankò e kòmanse pa gen oksijèn, daprè sa li fè konnen.

Pastè Emmanuel Sanon ak direktè Ona a, Chesnel Pierre se non 2 moun maladi Kovid-19 la pote ale nan dènye 24è yo nan peyi a.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …