AYITI / SOSYETE : FONDASYON DIJISÈL LANSE SENKYÈM EDISYON KONBIT POU CHANJMAM NAN DEPATMAN NIP

Nan yon konferans pou laprès samdi venn de (22) me 2021 an, responsab fondasyon Dijisel yo lanse senkyèm edisyon konbit pou chanjman nan depatman Nip.

Daprè responsab komèsyal egzekitif fondasyon an Alty Avenel, fè konnen enskripsyon yo louvri jounen samdi venn de (22) me a ap bout tranteyen (31) jiyè 2021 an. Seri pwojè ki ap enskri dwe vize edikasyon, lakilti, anviwonman, mwayen pou viv kont katastwòf natirèl se yon total kenz (15) pwojè fondasyon an ap finanse nan tout dis (10) depatman peyi a. Pilwen, responsab la fè konnen chak pwojè sa yo ap jwenn finansman yon valè lajan kise yon milyon ( 1000 000) goud. Òganizasyon ki enterese yo kapab ranpli fòmilè enskripsyon yo nan tout magazen Dijisèl yo ak sou sit entènèt www. Fondation Digicel Haiti.org epi voye yo nan imèl : « fondation.projet@ Digicel groupe.com ».

Sou bò pa li, reprezantan ak ajan tèren fondasyon an nan depatman Nip Alyn Terzer, ki prezante kèk kritè pou yon òganizasyon kapab resevwa finansman yo fòk se yon òganizasyon ki gen pou piti twa (3) lane depil egziste, yon òganizasyon ki gen otorizasyon pou yo fonksyone, òganizasyon se pa yon òganizasyon k ap fè biznis.

Pou fini, responsab yo fè konnen pou kat (4) edisyon deja yo fondasyon an gentan finanse swasant nèf (69) pwojè nan tout dis (10) depatman peyi a, pou piti sèt (7) pwojè deja finanse nan depatman Nip.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …