Abel Martinez, majistra vil Santyago nan peyi Sendomeng, mande pou gouvènman domiken an femèn fontye li gen ak Ayiti a parapò ak covid-19 ki enkontwolab nan peyi Dayiti._
Ministè sante piblik te anonse semèn pase gen 2 nouvo varyan Kovid-19 ki detekte an Ayiti. Nan sans sa, premye sitwayen vil Santyago a, Abel Martinez mande pou fèmen fontyè a.
Selon Abel Martinez, covid-19 la san kontwòl an Ayiti sa ki lakoz li ka mete an danje sante popilasyon dominken an, rapòte @ListinDiario.
Jackson junior Rinvil