AYITI/SANTE: MINIS KOMINIKASYON AN MANDE POPILASYON AN POU RETE VEYATIF AK KOVID -19 LA .

Minis lakilti ak kominikasyon an Pradel Henriquez, mande ak manm popilasyon pou fè anpil pridans parapò ak dezyèm varyan kowonaviris la.

Minis lan, ki fè konnen gouvènman pral fè tout sak posib pou fè respekte mezi eta ijans « etat d’urgence », pandan li ankouraje popilasyon an pou respekte tout mezi ak jès baryè yo. Pi lwen, minis Pradel Henriquez, ki fè konnen tout moun ki pa respekte mezi yo ap pou peye twa mil (3 000) goud kòm amand.

Minis lakilti ak kominikasyon an, ki raple gen twa sektè ki plis viktim nan moman kowonaviris la ki se lakilti, touris ak espò.

Pou fini, minis Pradel Henriquez ankouraje popilasyon an pou respekte tout jès baryè yo tankou lave men souvan, rete nan distans yon mèt senkant (1m 50) ak pote mas chak fwa nou nan kote ki gen anpil moun.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …