AYITI/MEDYA:  BI EKONOMI TV LANSE OFISYÈLMAN NAN PEYI A.

_Chèn televizyon ki sou youtoub ak kèk lòt rezo sosyal yo ki rele bi ekonomi TV, lanse ofisyèlman jounen dimanch 23 me 2021 an nan kad yon konferans pou laprès. Se yon chèn televizyon ki ap plis chita sou zafè ekonomi_

Daprè Cicéron Gilbert, chwa pou mete bi ekonomi TV sou pye a se yon inisyativ Rony Joseph.  » Objektif chèn televizyon an se travay nan tout emisyon li yo nan lide pou ekonomi an rive sou tout moun nan popilasyon an. Se nan lang kreyòl tout emisyon yo ap gen pou fèt », deklarasyon Cicéron Gilbert.

« Bi ekonomi TV la pou tout moun. Nan jou ki ap vini yo, nou p ap sèlman gen emisyon sou edikasyon men nou ap gen lòt bagay tou tankou konkou mannken », deklare Bishop.

Rony Joseph, Bertrand Mersilus, Sony tel Placide, Carl Benson Josephat, Jackson Tanis se non kèk nan pèsonalite k ap jere bi ekonomi TV.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …