AYITI/EDIKASYON :MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL AK FÒMASYON PWOFESYONÈL FIKSE DAT EGZAMEN REKALE YO.

Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl ( MENFP), nan yon nòt pou laprès jounen lendi 24 me 2021 an, fikse dat egzamen dezyèm sesyon bakaloreya rekale yo._

« MENFP enfòme piblik la an jeneral ak kandida rekale yo an patikilye dezyèm sesyon egzamen bak pèmanan lane akademik 2020-2021  yo ap gen pou dewoule nan mwa Jiyè 2021 k ap vini la », selon nòt la.

MENFP pwofite okazyon an pou li tou fikse dat enskripsyon yo ap gen pou kòmanse. » Enskripsyon kandida yo  prevwa kòmanse  26 me pou bout 11 Jen 2021 nan tout biwo direksyon depatmanl ak edikasyon yo (DDE) », daprè sa ki mansyone nan  nòt la.

Nan sans sa, pou yon kandida enskri gen yon ansanm pyès ministè a mande tankou : fich patisipasyon nan dènye eprèv bakaloreya yo osnon atestasyon MENFP ; 2 foto idantite; frè patisipasyon an ki se 2000 goud pou chak kandida.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …