AYITI/KOVID-19 : FAKILTE SYANS MOUN NAN INIVÈSITE LETA DAYITI FÈMEN PÒT YO.

_Fakilte Syans Moun fèmen pòt li apati jounen lendi 24 me a pou rive dimanch 31 me 2021 an. Desizyon sa li pran nan sousi pou kwape maladi Kovid-19 la ki kòmanse ap fè raj anndan popilasyon an. Se sekretarya fakilte a ki rann piblik desizyon an nan yon nòt ki pibliye jounen Lendi 24 me 2021 an._

 » Mezi sa li pran nan sousi pou kapab kwape maladi Kovid-19 la nan espas Fakilte a kote nouvo varyan ki detekte yo danjere anpil » li nan nòt la.

Toutfwa, daprè sekretarya a, lè aktivite akademik ak administratif yo ap gen pou reprann lendi 31 me 2021 an ap gen yon pwen dlo ki ap gen kloròks ki ap devan baryè a pou tout moun lave men yo; tout moun ki ap frekante espas Fakilte a dwe mete kachnen.

Daprè ministè sante piblik, lave men, mete kachnen ak evite kote ki gen anpil moun se kèk nan mezi ki kapab adopte pou anpeche Kovid-19 la taye banda nan peyi a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …