LEMOND/KRIM : YON GWO DILÈ DWÒG ITALYEN ARETE NAN PEYI BREZIL.

Otorite yo nan peyi Brezil arete lendi venn kat (24) me 2021 an, dilè dwòg italyen Rocco Morabito, ki te nan mawon depi nan mwa jen 2019 depil te fin sove nan prizon nan peyi Irigwe.

Rocco Morabito, jwenn arestasyon li ayè nan vil Joao Pessoa ki twouvel nan Nòdès peyi Brezil. Dilè dwòg Rocco Morabito ki t ap dirije gwoup mafya « Ndrangheta », d’après-midi enfòmasyon yo Rocco Morabito arete ak yon lòt sispèk dilè ki te ak li.

Rocco Morabito, kondane pa koutimas pou trant (30) lane prizon, kondane a te gen tras li nan òganizasyon trafik dwòg ant peyi Brezil ak kontinan ewop la depi lane 1990, daprè esplikasyon otorite yo ki anonse yon konferans pou laprès jounen madi venn senk (25) me a pou pote plis detay sou kijan operasyon an te mennen.

Nou ap fè konnen, dilè dwòg Rocco Morabito lajistis peyi Itali t ap chache li depi lane 1995 paske li akize pou asosiyasyon ilegal ak trafik dwòg, epi yo te kondane li poul pase trant (30) lane nan prizon. Nou ap raple, Rocco Morabito fè pati dis (10) pi gwo kriminèl mond lan ap chache depi byen lontan.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …